Lavi mande fòs, menmsi w' ap soufri,
Chemen difisil, van an ka fè w tonbe se vre.
Men fò w kenbe rèv ou nan mitan lapli,
Paske lespwa ka klere menm lè l fè nwa.
Menmsi w ap kriye, sonje, fènwa pa janm dire,
Tout doulè fè w' vin pi fò, li fè kè w' vin vanyan.
Solèy pral leve, fènwa a pral disparèt,
Kenbe tèt ou wo, ou ka batay jiska lafen.
Chak fwa w tonbe, toujou leve avèk kouraj,
Paske rezistans ba ou fòs pou w' avanse.
Nan batay lavi a, pa lage, fè w vin saj,
Paske viktwa a toujou la pou anbrase w'.
Commentaires
Enregistrer un commentaire