Pwogresyon Tematik

 

1. Tèm ki pa chanje (Pwogresyon tèm konstan)

Egzanp:

Mwen gen yon chen.

Li renmen kouri nan lakou.

Li toujou jwe ak yon boul.

Li menm renmen manje biskwit espesyal.

Esplikasyon:

Tèm nan rete menm bagay nan tout fraz yo (chen an). Pwopo yo chanje, men yo toujou pale de menm tèm nan. Sa fè tèks la fasil pou swiv.

2. Pwopo vin nouvo tèm (Pwogresyon lineyè)

Egzanp:

Mwen gen yon chen.

Chen an se yon bèl labrador.

Labrador yo trè entèlijan.

Entèlijans li fè l fasil pou antrene.

Esplikasyon:

Sa yo di nan pwopo yon fraz vin nouvo tèm nan fraz ki vini apre. Tèks la avanse pa etap, kote chak fraz bati sou fraz anvan an.

3. Tèm divize an plizyè pati (Pwogresyon tèm eklate)

Egzanp:

Kay la bèl anpil.

Sal la byen klere.

Chanm yo byen dekore.

Kizin nan byen òganize.

Esplikasyon:

Tèm prensipal la (kay la) fann an plizyè pati, tankou sal la, chanm yo, ak kizin nan. Chak pati vin yon nouvo tèm pou fraz ki swiv yo. Sa bay plis detay sou tèm prensipal la.

Konklizyon:

Pwogresyon tematik ede konekte lide yo pou tèks la vin pi klè ak òganize. Sa fè li fasil pou lektè konprann enfòmasyon yo.


Commentaires